Posted in: Music, News | No Comments | February 2, 2012
Ecoutez et Téléchargez “Tigidip“, la merengue carnavalesque de Mikaben et Oli Duret….
Se la m’ prale
Site Soley
Se lam Prale
Sou Bèlè
Se la m prale
Raboto
Se La m prale
One lov one lov
Se La m prale
Nan Kon’Beat la
Se La m prale
Nan Mikaben lan
Se La m prale
Oli Duret la
Woy Manman Mwen
Fò m ale
Men moun Okay ap rele mwen
Fò m ale
Moun Mayisad ap rele mwen
Fò m ale
Moun Mibalè ap rele mwen
Fò m ale
Woy manman mwen
Fò m ale
Moun Gonayiv ap rele mwen
Fò m ale
Men moun Aken ap rele mwen
Fò m ale
Moun Pòsali ap rele mwen
Fò m ale
Gen Lontan n’ap goumen poun jwenn solisyon
Gen lontan nap cheche chimen redanpsyon
Fok nou fouye nan fon zantray nou pou n sa wè pi klè,
Fok nou travay pou desantralizasyon
Paske se nan avantaj tout yon nasyon
Pran konsyans richès nou pou n mache sou chimen limyè yeah
Fo nou sonje SONJE
Jou sa a sak te pase TE PASE
Pou n te jwenn Libète LIBETE
Zansèt nou te kanpe waiyayo
Fo n’ pa bliye PA BLIYE
Kisa Ayiti te ye SAL TE YE
Ki fè nou te rasanble RASANBLE
Kisa nou tap pwoteje?
Sanmba chante
Woy Manman Mwen
Fò m ale
Men moun Sen Mak ap rele mwen
Fò m ale
Moun Podepe ap rele mwen
Fò m ale
Moun Les Zanglais ap rele mwen
Fò m ale
Woy manman mwen
Fò m ale
Moun Jeremi ap rele mwen
Fò m ale
Fò Libete ap rele mwen
Fò m ale
Men moun Okap ap rele mwen
Fò m ale
Ohh….ohh…
Manmi papi m te met pale mwen di
M pap sa rete, fok mwen ale, nan kanaval la
Te met sote ponpe mwen di m’ pap sa rete
Pito w kite m ale
Ane sa a, m’ nan dada chomaj
TOULONG
Ane sa a, mwen nan dada grangou
TOULONG
Ane sa a, m’ nan dada la Vyolans
Ane sa a, m’ nan dada lavichè
Ayiti se
BEL PLEZI
Ayiti se
YON PARADI
Annou chante
AYITI AYITI….. AYITI PRAL DEKOLE
Peyim ap dekole… (3)
Oh Jezi wo mesi pou fet sa w banmwen
Oh Jezi wo mesi pou kanaval sa w banmwen
Sa fe lontan mwen pa fete
Ane sa w pote ti delivrans lan pou mwen
Gen yon ti dans ki fek paret
Tout moun ka fe l san grate tet
Kijan l’ rele, Dans ti bourik la
Mete men dwat la sou bo tet nou, men goch sou bo deye nou
Lague ti bourik la pou n ale
Tigidip tigidip…
Galope ti bourik la pou n ale
Ane sa a, m’ nan dada chomaj
TOULONG
Ane sa a, mwen nan dada grangou
TOULONG
Ane sa a, m’ nan dada la Vyolans
Ane sa a, m’ nan dada lavichè
Ayiti se
BEL PLEZI
Ayiti se
YON PARADI
Annou chante
AYITI AYITI….. AYITI PRAL DEKOLE
Woy Manman Mwen
Fò m ale
Men moun Jakmel ap rele mwen
Fò m ale
Moun Podepe Kot de fe ap rele mwen
Fò m ale
Moun Les Zanglais Plato Santral ap rele mwen
Fò m ale
Woy manman mwen
Fò m ale
Moun Leogane ap rele mwen
Fò m ale
Men moun kenskoff ap rele mwen…