Posted by carelpedre

View all posts by carelpedre

Brother’s Posse – Stayle

Posted in: Music, News | 3 Comments | Posted on by carelpedre

La bande à Antonio Cheramy (Don Kato) est toujours fidèle au rendez-vous avec le RRR (Roots Rock Reggae) du carnaval haitien. Cette année, Brother’s Posse nous propose “Stayle” dont l’intro ressemble au BP qu’on a aimé dans “Out” en 1999. Ecoutez…

Intro :
Kato :
Genyen ki te la ki ale
Genyen ki la ki pa fè bri
Men Gras a Dye BP toujou poze
Sòt depi nan siyon
Pou rive kavayon
Vibrasyon nou toujou an demon
Ke l timoun kou granmoun
Andeyò kou lavil
Fanatik san Brothers yo pap deal

Roots rock reggae yo vle pou mesaj la pase
Mete vwa nou ansanm pou n chante
Ha ya ya yay
Hayayayay
Se Brother’s Posse Poto mitan

Bobby :

Ini vwa nou pou n chante pou limanite
Reveye nou pou n di la verite
Ini vwa nou se rastaman yo ki rive
Reveye nou souke dread yo souple.

Kato :

Jah pa janm bay mechan yo pouvwa sou pitit ki fidèl yo
Li pa janm fè nou bese tèt douvan Babilòn yo oo
Jodia geto yo ap soufri pou konviksyon yo
Men nou aprann fe rezistans tankou papa Dessalines
Geto ini nan lanmou nan lapè di viv ayiti cheri
Je kale byen kale san vyolans pou n lapriyè pou yo

Bobby :
Ini vwa nou pou n chante pou limanite
Reveye nou pou n di la verite
Ini vwa nou se rastaman yo ki rive
Reveye nou souke dread yo souple.

Kato :

Pwoche vin tande pawòl sakre Kato a
Ki di viktwa pèp la kache anndan chato a
Pwomès blabla vyole la lwa
Pawòl paswa nan gwo pòt vwa
Chak fwa se konsa fwa sa sa ap kaba
Pèp la tèt anba
Chèf la pa gen wout pa bwa pla
Tout ti brother ki te byen fre yo vin liki liki
Ti medam fashion yo vin siki liki
Minustah pote kolera tchitchi liki
Nèg nan leta yo ap boule lajan likid likid

marozo yo ap kale poster friki liki
ayiti pap divize
woy geto a pap trayi
dread yo pap koupe

refrain

djwed pou djwed
rasta pou rasta
djwed pou djwed
djwed pou djwed samba pou samba
djwed pou djwed brother pou brother
pèp pou peyi peyi pou pèp

se konsa nou jwe se konsa nou fè l
EA EA
yon prezidan kap fè stayle
EA EA
se konsa nou jwe se konsa nou fè l
EA EA
minustah kap fè stayle (bis)

21 rapè

ayisyen leve se pou dwa n poun ale

tout vye sans yo pote la nou pral voye yo ale
minustah dèyè bouda fòn wè se tchitchi sa ye
pandan nap veye bout anba n pou yo pa pote l ale
se sa l ye fè m tande
fò yo ale bann bad mine yo
Fò yo ale jamè nou pap dil avè yo non (bis)

Peyi Dessalines nan pa pou minustah woy
tout tout ti brother veye bout anba
woy
yo gen gro zam yo gen minisyon wo
yo se tchitchi yo ka tchili tchitchi(bis)

ayiti pap divize
non li pap divize
woy geto a pap trayi
woy djwed yo pap koupe woy

refrain

djwed pou djwedd
rasta pou rasta
djwed pou djwed samba pou samba
djwed pou djwed brother pou brother
pèp pou peyi peyi pou pèp

se konsa nou jwe se konsa nou fè l
EA EA
yon prezidan kap fe stayle
EA EA
se konsa nou jwe se konsa nou fè l
EA EA

Peyi Dessalines nan pa pou minustah woy
tout tout ti brother veye bout anba
woy
yo gen gro zam yo gen minisyon wo
yo se tchitchi yo ka tchili tchitchi(bis)

se konsa nou jwe se konsa nou fè l
EA EA
yon prezidan kap fè stayle

VN:F [1.9.14_1148]
Rating: 7.2/10 (6 votes cast)
VN:F [1.9.14_1148]
Rating: +2 (from 8 votes)
Brother's Posse - Stayle, 7.2 out of 10 based on 6 ratings

Comment's

Total: 3 Comments

louis says: January 22, 2012 at 2:11 pm | Reply

mw pa ka telechage okin musik

VA:F [1.9.14_1148]
Rating: 4.0/5 (1 vote cast)
VA:F [1.9.14_1148]
Rating: 0 (from 0 votes)
G-FIVE says: January 24, 2012 at 11:21 pm | Reply

je pense c’est une bonne isnpiration

VA:F [1.9.14_1148]
Rating: 0.0/5 (0 votes cast)
VA:F [1.9.14_1148]
Rating: 0 (from 0 votes)
Yvens says: February 15, 2012 at 9:39 pm | Reply

Ato se pou sa Kato di la tout pawol anpil sa yo. Mwen pa wen anyen la ki ofanse okin gouvenman non. Kile nap apran respekte atis nou yo. Mande tet nou eske Yo te bay Bob Marley problem pou pawol li yo oubien yo te onore li.

VA:F [1.9.14_1148]
Rating: 0.0/5 (0 votes cast)
VA:F [1.9.14_1148]
Rating: 0 (from 0 votes)
Comment